Omaj pou Fanm sou Late

Omaj pou

fanm sou latè

 

Ou pa janm panse yon nati san pyebwa

Ou pa janm panse yon planèt san dlo

Rete ! Ou pa janm panse yon mond san espwa

Annou di, e si limanite pat janm fè nou kado

 

Annou di ou se fanm  tèt sous kote lavi soti

Annou di ou se fanm  poto djanm, byen taye ki kenbe limanite

Annou di ou se fanm  sèl rezon ki fè lavi souri

Annou di ou se fanm  nanm lanati, solèy ki klere lavi

Annou di ou se fanm  boul limyè ki klere linivè san kanpe

Annou di ou se fanm  souf ki fè lavi pa fini

 

Ou se mistè  paske ou pa taye ni ak labou  ni ak latè

Ou se mistè  ki parèt nan somèy lèzòm  tankou zèklè

Ou lou  ou fout gou  ou dous  ayayay    ou se yon kreyati san erè

Kote jipitè ak latè kwaze pou bare yon sekrè kap boule tout kè

 

Lè ou kanpe  mwen tonbe

Lè ou mache pye m kanpe

Lè ou chita  mwen sou jenou map ranpe

Lè ou kouche  wo y !  Tèt mwen pati map reve

 

Onè ak respè pou ou, fanm ! ou se lavi ou se plezi

Konpliman pou ou, fanm ! ou se rèn, ki fèm dòmi

Respè pou ou, fanm ! prensès mwen, espwa m ki fèm souri

Ou se Fanm  oksijèn limanite  sous lapè ki kache sekrè lanati.

Lee Michel, 8 Mas 2019